"Se pou vizyon w inivèsèl…"

Bahá’u’lláh

Pandan tout listwa, Bondye te voye bay limanite yon seri Edikatè diven – yo rele Manifestasyon Bondye – ki gen ansèyman yo te bay fondasyon pou avansman sivilizasyon an. Manifestasyon sa yo gen ladan Abraram, Krishna, Zoroaster, Moyiz, Bouda, Jezi ak Mohammed. Bahá’u’lláh, dènye mesaje sa yo, eksplike relijyon mond lan soti nan menm sous la epi yo se, nan sans, chapit siksesif nan yon sèl ak menm relijyon Bondye.

Bahá’í yo kwè bezwen enpòtan limanite se jwenn yon vizyon inifye sou avni sosyete a, ak nati ak objektif lavi a. Nou jwenn yon vizyon konsa nan Ekri Bahá’u’lláh yo.