Bahá'u'lláh ak Alyans Li a

Manifestasyon sen sa yo te tankou avènement prentan nan mond lan... Chak prentan se tan yon nouvo kreyasyon...

Lafwa Bahá’í a te kòmanse avèk misyon Bondye te konfye de mesaje diven: Báb la ak Bahá’u’lláh. Jodi a, karaktè espesyal inite Lafwa yo te fonde a soti nan direktiv presi Bahá’u’lláh te bay, ki te asire kontinite volonte l apre lanmò li. Siksesyon sa a, ki rele Alyans la, ale soti nan Bahá’u’lláh pou rive nan pitit gason l ‘Abdu’l-Bahá, answit pou Shoghi Effendi, pitit pitit ‘Abdu’l-Bahá, epi finalman nan Kay Inivèsèl Jistis la, òdone pa. Bahá’u’lláh. Yon Bahá’í aksepte otorite divin Báb ak Bahá’u’lláh ansanm ak sisesè deziyen sa yo.